
 Byen vini nan Kanpus Lake Worth la. Sa fè nou anpil plezi ke ou enterese ak kanpus nou an. Antan ke kanpus ki pi gwo (114 acres/51 bilding) pi ansyen (1933), nou genyen anpil bagay pou ofri ou. Nou kapab ofri ou plis bagay ke lòt kanpus PBCC yo, nou bay degre kolèj ki dire dezan (Associate Degree), sètifika pwofesyonèl, pwogram aprantisaj, klas ki pèmèt ou kontinye etidye pou ou kapab ogmante konesans pèsonel ou, ki an menm tan pèmèt ou avanse nan karyè ou.Nan Kanpus la nou genyen tou Watson B.Duncan Theatre ki pa sèvi sèlman pou fòme moun nan zafè teat,li sèvi tou pou prezante tout kalite evenman kiltirèl ak anmizman pou piblik la. Pa kite gwosè nou entimide ou, paske nap travay anpil pou nou kapab konsève yon atmosfè agreab kote etidyan yo se priyorite nou. Nan kanpus Lake Worth la, etidyan yo patisipe nan tout kalite aktivite tankou planifikasyon ak lòt komite ki nan kanpus la. Nou bay vwa etidyan yo valè lè nap planifye menm jan ak lè nap bay sèvis, nou toujou konsidere opinyon yo pou nou kapab fè kanpus la yon anviwonman ki konsantre sou siksè etidyan. Se pa sèl etidyan nou yo ki asepte amelyore kanpus la; tout pwofesè ak anplwaye nou yo pataje antouzyas etidyan yo tou. Ou kapab konstate ke yo toujou prèt pou bay etidyan yo èd nesesè kap pèmèt yo atenn bi yo. Silvouplè, pa ezite pase nan biwo mwen pou ou kapab pran yon randevou, vini nan youn nan reinyon mwen yo (Provost Coffee Hours) pou ou kapab pataje rekòmandasyon ou ak nou pou amelyorasyon kalite lavi nan kanpus Lake Worth la. Nou vle genyen yon enpak pozitif nan lavi ou!
Mèsi, Dr. María M. Vallejo, Provost
|