Èd Finansyè

Prèske 60% nan nouvo djòb nan Florid mande pou yon moun genyen yon diplòm pi wo pase diplòm lekòl segondè.


graphicÈd finansyè pa vle di sèlman lajan etidyan ap prete pou peye lekòl. Genyen bousdetid disponib kit se nan nivo federal, nan nivo eta Florid la oswa nan kolèj la. Genyen èd disponib pou ni etidyan pèmanen (elèv a plen tan) ni etidyan tanporè (etidyan a tan pasyèl) nan tout pwogram 2 ane nou yo ak nan pwogram vokasyonèl ki kout yo.

Kijan pou w aplike?  Sa pa koute anyen pou aplike, men fòk yon elèv oswa sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan nan peyi a. Ou kapab ranpli aplikasyon pou èd finansyè a sou paj FAFSA sou entènèt la ki se  www.fafsa.ed.gov. Premye etap la ap trè fasil. Se etap kote w ap jwenn nimewo idantifikasyon pèsonèl ou (PIN number). 

Apre ou fin jwenn nimewo PIN nan, oumenm ansanm ak fanmi w dwe fini ranpli aplikasyon an apre nou fin jwenn enpo sou revni nou (tax return) pou ane a. Sou paj la w ap jwenn tou enfòmasyon pou moun ki pa t ranpli income tax.  Yo bay tou yon nimewo gratis ‘800’ pou rele pou enfòmasyon.

Lenk pou Èd Finansyè:   Etidyan ki gen pou rantre       Etidyan Aktyèl