Palm Beach State Logo
HOME | JOBS | FAQs | CONTACT US | PEOPLE FINDER
 

Fòm pou Èd Finansyè
Dat Enpòtan
Pri Rekonesans pou Akonplisman
Kondisyon pou Kalifye
Konsèy nan Lanj Natifnatal ou
Responsablite Etidyan
Tyeke Dosye w sou Entènèt
Jwenn Lajan Prete pou Lekòl
Bousdetid
Pwogram pou Veteran
Travay nan Lekòl la
Règleman Pwogram Title IV
Kredi pou Bibliyotèk
Ekolaj
Pwogram èd Finansyè Eta Florid
Estanda Pwogrè Akademik (SAP)
Resous sou Entènèt
Èd pou Etidyan Andikape
Akwonim
Videyo pou Bay Eksplikasyon sou Èd Finansyè
Paj Prensipal Èd Finansyè
Home > Web Pages - Dans le Creole > Ed Finansye > Kondisyon pou Kalifye
Kondisyon pou Kalifye

Pou w resevwa pi fò kalite èd ou aplike pou yo a, ou dwe:

  • Enskri nan PBCC kòm etidyan nan yon pwogram pou pran yon diplòm.
  • Kalifye pou yon pwogram pou pran yon diplòm (ranpli kondisyon pou pwogrè akademik),

Dosye Enskripsyon

Tan Plen

Twa ka Tan

Mwatye Tan

Pi Piti Pase Mwatye Tan

Kantite Kredi ou Bezwen

12 oswa plis

9 a 11

6 a 8

1 a 5

  • Sitwayen ameriken, oswa yon moun ki pa sitwayen men ki kalifye (dapre sitiyasyon legal ou selon depatman imigrasyon).
  • Genyen yon diplòm lekòl segondè regilye oswa GED,
  • Enskri pou sèvis militè,
    • Si lalwa oblije sa, ou dwe enskri oswa aranje w pou enskri nan sèvis selektif pou w kapab resevwa èd finansyè federal. Obligasyon sa a se pou gason ki te fèt premye janvye 1960 oswa apre sa, ki genyen 18 ane pou pi piti, ki se sitwayen ameriken oswa ki se etidyan ki kalifye, men ki pa nan sèvis aktyèl nan fòs lame ameriken.
  • Pa gen dèt ou pa peye oubyen ou dwe èd finansyè federal
  • Montre epi dokimante ou reyèlman bezwen èd nan fòm rapò pou bay etidyan èd la (SAR).
    • Kontribisyon fanmi an (EFC), ki nan fòm rapò pou bay etidyan èd la (SAR), se kantite lajan yo espere oumenm/oswa fanmi w ap genyen pou kontribye pou peye pou edikasyon w dapre metòd federal la. Kantite èd finansyè yon etidyan kapab resevwa se diferans ant kantite lajan total lekòl la ap koute mwens kantite lajan oumen/oswa fanmi w dwe kontribye.

Kantite lajan lekòl koute – Estimasyon kontribisyon fanmi = Èd Finansyè

Chak pwogram èd genyen kondisyon kalifikasyon adisyonèl, tankou bezwen finansyè oswa kote ou abite.

Sitiyasyon Depandan

Yon etidyan konsidere endependan si li ranpli youn nan sèt kondisyon sa yo:

  • Li te fèt avan premye janvye 1984.
  • Li se yon veteran nan fòs lame ameriken.
  • Li se yon òfelen oswa yon moun ki sou reskonsablite tribinal
  • Li genyen pitit ki resevwa mwatye nan sipò li nan men li
  • Li genyen depandan anplis de madanm oswa mari li ak pitit li ki resevwa mwatye nan sipò li nan men li.
  • Li marye

Sikonstans Espesyal:

Pale ak administratè pwogram èd finansyè a si ou kwè genyen nenpòt sikonstans espesyal ki kapab afekte kantite lajan oumenm oswa fanmi w kapab kontribye. Konseye èd finansyè a dwe valide nenpòt rezon avan yo fè okenn ajisteman. Li obligatwa pou genyen dokimantasyon pou kapab fè ajisteman. Pa p genyen ajisteman ki ap fèt avan oktòb. Tanpri wè ak konseye èd finansyè a avan dat sa a.

Follow Us Header
Link to FaceBook
Link to MySpace
Link to Twitter
Link to Flickr
Link to You Tube
All Locations | Belle Glade | Boca Raton | Lake Worth | Palm Beach Gardens | Satellite Locations